1. 1

    Kreyol La - M Pap Pale

  2. 2

    Kreyol La - Mennaj Ou Enèvem

  3. 3

    Kreyol La - À Temps (feat. Fatima Altieri)

  4. 4

    Kreyol La - Anlè Anlè Anlè (Kanaval 2018)

  5. 5

    Kreyol La - Avwe

  6. 6

    Kreyol La - Ayiti Leve

  7. 7

    Kreyol La - Before & After / Triye

  8. 8

    Kreyol La - Before and After

  9. 9

    Kreyol La - Byen Pase (feat. TonyMix)

  10. 10

    Kreyol La - Cheri M Geri

  11. 11

    Kreyol La - Cheri Map File'w

  12. 12

    Kreyol La - Doulè Lanmou (feat. 5Lan)

  13. 13

    Kreyol La - Fè L Dous Pou Mwen

  14. 14

    Kreyol La - Fok Ou Kwe

  15. 15

    Kreyol La - Lanmou Engra

  16. 16

    Kreyol La - Make'm

  17. 17

    Kreyol La - Mwen Poko Jwenn Li (feat. Rutshelle Guillaume)

  18. 18

    Kreyol La - Mwen Pou Kò M

  19. 19

    Kreyol La - No Drama

  20. 20

    Kreyol La - On Jou Byen, On Jou Mal

  21. 21

    Kreyol La - Oui Ou Non

  22. 22

    Kreyol La - Peye'm (feat. TonyMix)

  23. 23

    Kreyol La - Randevou

  24. 24

    Kreyol La - Se Domaj

  25. 25

    Kreyol La - Tou Limen (Kanaval 2019)

  26. 26

    Kreyol La - Tout Moun Suiv Mwen (feat. Fantom)

  27. 27

    Kreyol La - Triye

  28. 28

    Kreyol La - Turn Me On (feat. Tiemdi)

  29. 29

    Kreyol La - Vagabon For Life (feat. Tidjo)

  30. 30

    Kreyol La - Vole Tankou Sipèmenn (Kanaval 2016)

  31. 31

    Kreyol La - Voye'm Anlè (Kanaval 2017)

  32. 32

    Kreyol La - Yo Pranm

Anlè Anlè Anlè (Kanaval 2018)

Kreyol La

Kanaval 2018 Kreyol la rive ankò
Again and again and again na
Tout moun di again and again and again na

Se pa pou dat li vle travay l ap chèche l pa jwenn
Li pa g on goud l ap brase yo rele l bredjen
E chak lè l vle pase yo vle kase ren l
Poukisa n pa gen on system ki panse pou jèn
Si nou te envesti nan lajenès nou tap anlè anlè nèt
Si nou te ba yo priyorite nou tap anlè anlè nèt
Si jen yo ta jwenn opòtinite nou tap anlè anlè nèt
Anlè anlè nèt

Met Ayiti sou wout chanjman

An n ba yo bourad bourad bourad bourad
Trase ekzanp pou nou gide yo
An n ba yo bourad bourad bourad bourad
Yo gen bon zèl ann ba yo van

Van pran m non si w menen m ale
Se nan syèl ma rive

Rele van rele van rele van
Mabouya rele van

Demele men w demele pye w
Ouvè men w pran elan w
Iya iya iya iya iya

Bat zèl ou pou w vole - Iya iya iya iya
Bat zèl ou pou w vole - plop plop plop

Si w kout si w kout, pran elan vole
Ou met leve piwo vole

Kreyòl La se lanmè nou pa sere kras
Tout moun konn sa
Pa mande m lagè si w pral mande m gras
Tout moun konn sa
Gen twòp moun sou latè kap goumen pou plas

Nou pral vire tout lè bagay pou n vole kite tè a
Vole kite tè a
Kounya fè m wè
Mayo - anlè
Chemiz - anlè
Kaskèt - anlè
Mouchwa kite y anlè
Nap vire yo anlè pou n vole kite tè a
Vire mayo vire mayo - vole kite tè a
Vire anlè vire anlè - vole kite tè a

Drapo - vire yo
Mouchwa - vire yo
Sèvyèt - vire yo
Vire anlè

Anle anlè nèt
Manman manman manman - Anle anlè nèt
Kreyòl La toujou Anle anlè nèt
Pou w ret anlè fò zèl ou bon - Anle anlè nèt

Kounya fè m wè

Bagay pa pou blòdè se pou limena l ye

Limena kounya - gen lanmou pou fo cheve manman
Limena kounya - yo gen lanmou cheve curly
Limena kounya - gen lanmou cheve pann sou do yo manman
Limena kounya - y opa vle wè cheve krepi

Si yo ta di w kouri
Si yo ta di w kanpe
Si yo ba w lòd bese
Si yo mande w vole

Pa vole pa vole - si fo cheve a mal kole
Pa vole pa vole - pou malè rive lòt la pa rive w
Pa vole pa vole - pou ke cheval ki nan tèt ou a pa vole
Si afe w byen tache medam souke cheve nou
De dwèt anlè li valide

Valide - souke cheve yo
Valide - si w byen tache
Valide - Cheve yaki a
Valide - na souke yo
Valide - cheve remi an na souke yo
Valide - sou chanmas nou valide

Pou n pran kouròn nan
Gen moun ki pa vle wè n chita sou twòn
Eseye fè konplo pou gaye wonn nan
Nou ta toujou renmen se menm kolòn nan

Ede m chante

Woyy an nou aprann apresye
Gen jèn ki gen kapasite
Men nou pa vle ba yo pase
Se sak fè yo prale

Channmas souke tchatcha anlè
Pou m fon kòb mal chile
Nan ti peyi sa gen twòp malfektè
pou m fon kòb m al chile

Kreyòl La se lanmè nou pa sere kras
Tout moun konn sa
Pa mande m lagè si w pral mande m gras
Tout moun konn sa
Gen twòp moun sou latè kap goumen pou plas

Nou pral vire tout lè bagay pou n vole kite tè a
Vole kite tè a
Kounya fè m wè
Mayo - anlè
Chemiz - anlè
Kaskèt - anlè
Mouchwa kite y anlè
Nap vire yo anlè pou n vole kite tè a
Vire mayo vire mayo - vole kite tè a
Vire anlè vire anlè - vole kite tè a

Drapo - vire yo
Mouchwa - vire yo
Sèvyèt - vire yo
Vire anlè

Anle anlè nèt

Bagay pa pou blòdè se pou limena l ye

Limena kounya - gen lanmou pou fo cheve manman
Limena kounya - yo gen lanmou cheve curly
Limena kounya - gen lanmou cheve pann sou do yo manman
Limena kounya - y opa vle wè cheve krepi

Si yo ta di w kouri
Si yo ta di w kanpe
Si yo ba w lòd bese
Si yo mande w vole

Pa vole pa vole - si fo cheve a mal kole
Pa vole pa vole - pou malè rive lòt la pa rive w
Pa vole pa vole - pou ke cheval ki nan tèt ou a pa vole
Si afe w byen tache medam souke cheve nou
De dwèt anlè li valide

Valide - souke cheve yo
Valide - si w byen tache
Valide - Cheve yaki a
Valide - na souke yo
Valide - cheve remi an na souke yo
Valide - sou chanmas nou valide

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados