1. 1

    Barikad Crew - Tèt frèt

  2. 2

    Barikad Crew - Ban m afè m (feat. Coupé Cloué)

  3. 3

    Barikad Crew - Apresye sa

  4. 4

    Barikad Crew - Ayiti Pi Rèd

  5. 5

    Barikad Crew - Born 2 Win

  6. 6

    Barikad Crew - Ewo (feat. Rutshelle Guillaume)

  7. 7

    Barikad Crew - Gen Lafwa

  8. 8

    Barikad Crew - Goumen Pou Sa W Kwè

  9. 9

    Barikad Crew - Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner)

  10. 10

    Barikad Crew - I Got It From My Mamak

  11. 11

    Barikad Crew - Internal Exile (Fish)

  12. 12

    Barikad Crew - Jiskaprezan

  13. 13

    Barikad Crew - Jwi Lavi w

  14. 14

    Barikad Crew - Kantrowitz 1972

  15. 15

    Barikad Crew - Ki Avni (feat. Scraggy)

  16. 16

    Barikad Crew - Konplèks (feat. CJ & Rutshelle Guillaume)

  17. 17

    Barikad Crew - Latola (Paperboy)

  18. 18

    Barikad Crew - Lit (feat. Da Marco BC, Izolan Bc, Fantom BC, Bricks BC & Brital)

  19. 19

    Barikad Crew - Mèsi

  20. 20

    Barikad Crew - New Sins For Old

  21. 21

    Barikad Crew - Next (feat. Zafè Fanmi)

  22. 22

    Barikad Crew - Nou Di Non

  23. 23

    Barikad Crew - Nou Pap Lage (feat. Walkens)

  24. 24

    Barikad Crew - Nou tout ka pran (feat. Walkens)

  25. 25

    Barikad Crew - Ou paka Gangster (feat. Jimmy O)

  26. 26

    Barikad Crew - Overdose

  27. 27

    Barikad Crew - Oyeah (feat. La Diva)

  28. 28

    Barikad Crew - Pa Koupe Bwa

  29. 29

    Barikad Crew - Pa Sispan Reve

  30. 30

    Barikad Crew - R.E.D. (feat. Fantom BC, Izolan Bc, Bricks BC, Brital & Fred Hype)

  31. 31

    Barikad Crew - Sakrifis

  32. 32

    Barikad Crew - Se Konsal ye (feat. DJ Rick M)

  33. 33

    Barikad Crew - Sometimes Good Guys Don't Wear White

  34. 34

    Barikad Crew - Stand Up (feat. Tony Manshino)

  35. 35

    Barikad Crew - Subculture (Tyrone Davis)

  36. 36

    Barikad Crew - The Damned Ship

  37. 37

    Barikad Crew - The Leading Horse

  38. 38

    Barikad Crew - The Troglodyte Wins

  39. 39

    Barikad Crew - VFK (vrè fanm kreyòl)

  40. 40

    Barikad Crew - Virus

Jwi Lavi w

Barikad Crew

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dè fwa tou konn detwi lavi
Ou wè jou w viv yo ou pa konn kilè w ap mouri
Koz vi a kout kon bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

In the bible says pa g anyen k ap rete tou bagay gen pou pase
Pouki ou tiye tèt ou s on lachte
Si lavi a te g on pri malere k pa tap achte
Check this liriks m vin krache
M garanti ou tande mwen ou kapab di m sa vre
Pa bò isit tout depòte pè krim rache
M konn mezi pye m m konn reziye m m pap janm vin lache
À mon avis si kris te bay souf la avi
Lèzòm t ap fè twòp chèlbè djòlè ak vizaj yo ravi
Men l met lanmò trè frekan ak lizaj radi
What goes up must come down se l ak lanfè ak paradi
Jwi lavi w frè m, ça faut que tu le saches
Ou mèt yon ouvriye medesen alevwa pou yon machan pistache
M pa kwè nan sa gen ran sosyal ki dire klas
Men talè kontra w bout misye lanmò baw yon ti pas kout

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
Koz vi a kout tankou on bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

Chak moun gen yon fason pou yo konsevwa lavi
Yo ka gen menm pòt antre jamè yo pap gen menm pòt sòti
Sinon pa t ap gen sezon sechrès ni sezon lapli
Nou pa t ap konn kote w pwale si w pat konn kote w sòti
Chak jou ta dwe fèt pou ou
Anyen pa dwe frèt pou ou
Desepsyon, eksepsyon kout baton pa defèt pou ou
Mwen gen 25 m pa konn si m ap wè 26 an
Toutfwa m ta wè l m ret kwè l pap rete pou tout tan

Se gade w wè w sou on kaban on dal moun kanpe devan w
Y ap priye pou je w louvri kèt! Se sa pi fò tout ap tann
Pou yo di ou kenbe di k entèl patka vini
30 dola sa dread w oblije pote l pou li
Lè w vin jwen konesans ou wè w pèdi on manb kèlkonk
Moralman ou pèdi manman w pandan se sèl li ki sou sèn nan
Poze kesyon pouki malè pat avèti n
Menm jan tout tan yo di l fòk nou ka sispann bati bò ravin

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
Koz vi a kout tankou on bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
Koz vi a kout tankou on bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

Chak fwa m ap trip m pa janm panse ak lanmò
E lè m kwaze on antèman m etone kè m bat fò
Life la baw tan pou w brase
Se pou lè pye w glise
Pou w prepare pou w tonbe
Di ak frè m di ak sè m lavi se yon defi
Kit se fanmi m kit se zanmi m piga w kouri sou li
Pa gen anyen ki piti si lanwit te easy
Pa gen moun ki t ap janm fèmen pòt pou li

Lavi a dwòl li di nou tout fini pa viv li kanmenm
Des jours w kontan konsa tou des jours ou ka wè w vini blèm
Se sans li boss tout sa m ap di w rete fèm
Branche pou w rete se moun k ap batay ki viv
Ou ka chwazi kòman w vle viv men jamè kòman w vle leave
Yo chwazi manje diri men jamè manje mayi ak viv
Si w gen le chwa m pa wè rezon pou w ap konplekse lavi
Menm lè touman w anpil ak sa w genyen pa janm bouke jwi l

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
Koz vi a kout tankou on bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
Koz vi a kout tankou on bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

Jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
Bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
Wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
Koz vi a kout tankou on bout jip fanm
E l dous dous tankou on bout kann

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados