1. 1

    Barikad Crew - Tèt frèt

  2. 2

    Barikad Crew - Ban m afè m (feat. Coupé Cloué)

  3. 3

    Barikad Crew - Apresye sa

  4. 4

    Barikad Crew - Ayiti Pi Rèd

  5. 5

    Barikad Crew - Born 2 Win

  6. 6

    Barikad Crew - Ewo (feat. Rutshelle Guillaume)

  7. 7

    Barikad Crew - Gen Lafwa

  8. 8

    Barikad Crew - Goumen Pou Sa W Kwè

  9. 9

    Barikad Crew - Granmoun Yo Echwe (feat. Doc Filah & Fner)

  10. 10

    Barikad Crew - I Got It From My Mamak

  11. 11

    Barikad Crew - Internal Exile (Fish)

  12. 12

    Barikad Crew - Jiskaprezan

  13. 13

    Barikad Crew - Jwi Lavi w

  14. 14

    Barikad Crew - Kantrowitz 1972

  15. 15

    Barikad Crew - Ki Avni (feat. Scraggy)

  16. 16

    Barikad Crew - Konplèks (feat. CJ & Rutshelle Guillaume)

  17. 17

    Barikad Crew - Latola (Paperboy)

  18. 18

    Barikad Crew - Lit (feat. Da Marco BC, Izolan Bc, Fantom BC, Bricks BC & Brital)

  19. 19

    Barikad Crew - Mèsi

  20. 20

    Barikad Crew - New Sins For Old

  21. 21

    Barikad Crew - Next (feat. Zafè Fanmi)

  22. 22

    Barikad Crew - Nou Di Non

  23. 23

    Barikad Crew - Nou Pap Lage (feat. Walkens)

  24. 24

    Barikad Crew - Nou tout ka pran (feat. Walkens)

  25. 25

    Barikad Crew - Ou paka Gangster (feat. Jimmy O)

  26. 26

    Barikad Crew - Overdose

  27. 27

    Barikad Crew - Oyeah (feat. La Diva)

  28. 28

    Barikad Crew - Pa Koupe Bwa

  29. 29

    Barikad Crew - Pa Sispan Reve

  30. 30

    Barikad Crew - R.E.D. (feat. Fantom BC, Izolan Bc, Bricks BC, Brital & Fred Hype)

  31. 31

    Barikad Crew - Sakrifis

  32. 32

    Barikad Crew - Se Konsal ye (feat. DJ Rick M)

  33. 33

    Barikad Crew - Sometimes Good Guys Don't Wear White

  34. 34

    Barikad Crew - Stand Up (feat. Tony Manshino)

  35. 35

    Barikad Crew - Subculture (Tyrone Davis)

  36. 36

    Barikad Crew - The Damned Ship

  37. 37

    Barikad Crew - The Leading Horse

  38. 38

    Barikad Crew - The Troglodyte Wins

  39. 39

    Barikad Crew - VFK (vrè fanm kreyòl)

  40. 40

    Barikad Crew - Virus

Goumen Pou Sa W Kwè

Barikad Crew

Pou w viv, fò w lite
Lite jiskaske souf ou koupe
Obstak ka fè w kilbite
Men si w gen volonte, ou pap tonbe
Ret kanpe! Kanpe! Kounye a li lè pou w goumen pou sa w kwè

Ou konprann ou panse ak l’avenir
Lavi g on sètenn
Pafwa ki lèd tankou on pakoti
Si w ap gad kote w soti w ap wè l parèt sonb
Se pa onb
Paske kwè nan tèt pa w se kraze tonb
Pou demen nan sa w kwè a pou w eklate tankou bonm
Paske sa chat konnen rat konnen, pa di ke ou pat konnen
Pou sa w t ap goumen an se yon lit ke ou t ap mennen

N bat dlo n fè l tounnen bè e n kwè n goumen pou fè lit la miltipliye
Nan fè kole pyese pou n drop, kenbe pou n sispann pyetine
Avèk anpil prensip, kouraj tèt kana monte tab
Disiplin detèminasyon, n franchi yon lòt etap
Rete soude kwè nan mouvman an
Menm jan Allah pou mizilman an
Rete sou
Kwè nan moman
Menm jan wa va fèl mistikman
M kwè lapriyè pa gen chèn li pa kase, vye frè m
Ak
Pa gen èn li pa trase

Nan sa w wè w ap lite a se ladan l w ap reyisi a
Menm si w wè w ap kilbite jou pa w la gen pou l rive
Jan fanmi m te konsevwa m nan lavi a se pa konsa m viv
Nan projects la m te sipoze ale legliz
Men pou mwen ret andan kay pat yon tease
Gen pretansyon na vi sa, pa stil pa m
Defann dwa m ranpli, devwa m se pwòp chwa m
Apre prizon m te pran pou game nan gen moun ki te panse mwen t ap vag nigga
Men tout pasyon m se pou rap m ap toujou drop frero

Si w koute presyon lavi l ap fò w fè bak
Pou progresyon pa w la fò w fè sak ki pozitif
Ou bezwen bay gòl man, fò w fè tak
Konsa w gen pou w wè rèv ou fè enpak
Plante nan bon sezon, devan pou w rekòlte rezon
Travay di ka louvri pòt yon lòt orizon
Pinga w abandone, anyen pa di tèt ou koupe
Jan w te fèt la, se pa konsa w prale

Aaa! Ha! Batay la di. W anfas anpil gwo enmi. Kisa w ap fè?
W ap abandone oubyen w ap reziste? Kisa w ap fè!?

Ou fè tout viv ou t ap mennen yon pèpetyèl lit
Anfen w brebi, ou monte nenpot pyè w te fit
Kit moun t ap riw ou ret femen w pa janm aji vit
Sak fè plis bri ou konnen se yon tono vid
Ou te kwè ke se jou pa w la ki pot ko rive
Ou te kwè zetwal pa w la yon jou te gen pou l briye
Ou te kwè tout sa w antreprann nèt te gen pou mache
Ou te kwè pa gen moun ki ka fè si l pat konn sa l vle

Menm jan pou kay la monte fò w poze plizye blòk
Pou peyi a tranble BC chofe nan plizye blòk
Pou vizyon m man m pa kwè ke gen meyè ke mwen
But misyon m pou manman m fò w ta yon enjenyè demen
Se pa fòt mwen si san m mele ak rap tankou se fanm ak nèg
Gen anpil fwa m te vle bay vag men gen kèk bon patnè
Ki pale avè m pou m ret soude ak rap
San èn nan kè m mwen te goumen jis pou m prouve sak laaa

Malgre jan sa di pou mwen m pat janm kite don m aladriv, non m aladriv
Donk tout sa m te ekri anba bouch, m mete yo tout alabri
M ap fè w konnen gen lwa k fèt pou ofanse
Goumen pou sa w kwè, panche vè ou jistan dwa a ap reseye
Nou sezi yon ofrann yo pa ofri n, nan figi tout moun
Ki pa fè ri tout moun, non, ki pa fè ri tout moun
M avize w nigga sa w wè la poko janm tout nou
Fò w met flè atè lè n ap pase pouw akeyi n nan wout nou

Sila ki pa n ba n ospitalite san pa nwi (Yo pa nwi!)

Nou pat janm nan sa se pa n
Nou te konn separe tout bagay ak frè n san di fout
Depi w te bezw on goud se pran l san oken dout
Gade jan l ye a w ap wè chak moun te wa nan peyi l
Ki gen devwa lite jouk sa kaba pou l pa an peril
Kout kanno ka tire, chapo tonbe, chwal la bite de pye devan
Ou pa gen dwa lesetonbe
En avant!!

Non! Pa gen gad dèyè
Fè sa w dwe fè
E pa bliye: Linyon fè lafòs! An n di ak anpil fòs
Kondagana: Si linite te pèmèt Ayiti libere
K-tafal: Nou Barikad
Nou jire pou n toujou ret soude
E nou kwè se nan travay
Non, nan batay!
Ke n a chanje figi lakay
Se devwa n pou n goumen pandan lavi nou
Ak tèt frèt, san bliye rasin nou
Se pou sa
Nou drese Barikad
Kont tout barikad!

Goumen pou sa w kwè s on devwa, e an menm tan li se yon dwa
Men avantou, n pa gen lechwa
Goumen pou n sòti nan fè nwa

Ansanm ya wè n pot laviktwa

Playlists relacionadas Ver mais playlists

Momentos

O melhor de 3 artistas combinados